Doktè Jessa Rae Growing Thunder se yon konseye ekspè pou nouvo Inisyativ Echanj Aprantisaj Endijèn IAF la depi prentan 2022. Ajans lan gen plizyè dizèn lane eksperyans nan òganize echanj aprantisaj ant kamarad ak nan patenarya avèk inisyativ kominotè endijèn ap dirije. Se poutèt sa Kongrè a te mande IAF nan lane 2021 pou li òganize yon pwogram echanj pilòt ant benefisyè Endijèn IAF yo ak Tribi Amerendyen nan Etazini pou fè pwomosyon aprantisaj, fasilite komès ak devlopman ekonomik epi ranfòse lyen atravè Emisfè a.
Haŋ Mitakuyapi, Hihanni wašte. Šuŋgina Duzaham Wiŋyan emakiapi. Cante wašte yuha, ciyuzihapi.
Bonjou fanmi mwen yo. Non mwen se Jessa Rae Growing Thunder. Mwen sòti nan Tatanka Oyate, Nasyon Buffalo a. Mwen sòti nan tribi Fort Peck Assiniboine/Sioux nan Nòdès Montana. Mwen se Sisituwaŋ/Wahpetuwaŋ Dakota ak Wadobana Tuwa Nakoda. Mwen ba ou lanmen ak tout kè mwen.
Kisa ki Inisyativ Echanj Aprantisaj Endijèn lan?
Inisyativ Echanj Endijèn lan ofri yon fowòm pou Nasyon Tribal yo isi a nan Etazini ak nan Kominote Endijèn nan Amerik Latin ak Karayib la pou echanje lide ak eksperyans epi ankouraje kolaborasyon dirab ak rezilyans ekonomik. Echanj sa yo pral fèt fasafas epitou sou entènèt. Echanj se te toujou yon pati nan estil lavi Endijèn. Ou kapab wè li nan langaj, materyèl kiltirèl ak istwa oral nou yo. Nou pat janm moun ki rete estab.
Avèk inisyativ sa a, n ap konstwi sou istwa sa yo ak eksperyans sa yo. Nou bezwen fleksib ase, paske kominote endijèn yo divès, pou nou asire nou ke chak kominote endijèn k ap angaje nan Inisyativ sa a jwenn sa li bezwen ladann lan. Kisa yo vle rezilta a ye? Kijan nou asire nou ke relasyon yo ap kontinye aprè echanj lan? Kijan nou kapab kontinye santi efè sa yo lontan aprè premye rankont sa yo? N ap reflechi de pa, twa pa alavans. An 2023, nou pral kòmanse òganize echanj yo. Mwen pa ka tann pou moman sa yo rive pou nou kapab ansanm.
Kisa yon Konseye Ekspè fè nan IAF?
Inisyativ la an li menm se yon bagay ki yon ti jan nouvo pou IAF. Sepandan, nou gen 50 lane eksperyans kote nou pote atansyon nou nan Amerik Latin ak Karayib la epi travay sa te toujou rive jwenn kominote Endijèn yo. Relasyon sa yo nou te konstwi yo ansanm ak apwòch kote se kominote k ap dirije, reprezante fondasyon Inisyativ sa a. Men nou pa abitye travay pèsonèlman avèk Nasyon Tribal yo.
Nou te pran tan pou nou prepare plan estratejik ak fèydewout nou an avèk kesyon annapre yo, olye nou te jis kòmanse travay:
- Kijan nou kapab fè pi gwo enpak la?
- Ak kisa pwogram lan sanble—fasafas oswa sou entènèt?
- Kijan nou pral mezire enpak la?
Atravè pwosesis sa a, mwen te nan kominikasyon avèk lidè Tribal, inivèsitè Endijèn, pwopriyetè biznis ak lidè kominotè yo, pandan nou t ap asire nou ke nou pa t bliye anyen. Mwen te pran tan tou pou mwen enfòme moun yo sou Inisyativ la, prezante IAF nan nouvo gwoup epi mwen te reflechi sou kijan pou nou apwoche espas Tribal yo. IAF konprann fòk ou prezan epi angaje avèk kominote endijèn nan rejyon an. Se menm bagay pou relasyon lokal yo. Nou bezwen tan pou nou konstwi relasyon sa yo. Jis kounyeya, reyaksyon an te motivan.
Lè nou te fèk resevwa finansman nou pou pwogram pilòt sa a, IAF te rekonèt nou te bezwen sipò. Nou te fè apèl avèk patnè benefisyè nou yo atravè rejyon an pou nou mezire enterè ki genyen nan sipòte Inisyativ la. Nou te pale tou avèk Nasyon Tribal yo pou yo ba nou baz pou pi bon estrateji nou a. Metòd sa a se yon bagay mwen kontinye sèvi avèk li nan aktivite toulèjou mwen yo; pou mwen rete an kominikasyon avèk kominote nou sèvi yo.
Mwen baze fizikman nan teritwa Tewa epi mwen travay selon lè zòn Lès pou asire m ke mwen disponib pou lòt manm ekip mwen an nan IAF. Rezotaj se yon eleman kotidyen travay mwen. Mwen leve nan maten epi mwen tcheke nouvèl ki moun mwen te genyen depi dènye fwa mwen te konekte sou entènèt la. Pa egzanp, demen mwen pral patisipe nan Konseye Gouvène Tout Pueblo (All Pueblo Council on Governors) nan Nouvo Meksik epi mwen pral gen opòtinite pou m prezante tèt mwen, IAF ak Inisyativ Aprantisaj Endijèn lan. Se yon gwo opòtinite pou nou paske se 19 vilaj (pueblo) nan tout Sidwès la. Yon lòt gwo aspè se reflechi sou lojistik planifikasyon echanj yo. Eleman sa a vle di bay garanti ke opòtinite sa yo aksesib ak benefik mityèlman pou benefisyè nou yo nan Amerik Latin ak Karayib la epitou pou kominote Amerendyen yo.
Kisa ou te fè anvan ou t ap travay nan IAF?
Mwen gen yon eksperyans nan travay kominotè epi istwa mwen sou jan mwen rive nan IAF se yon bon egzanp sou kijan tout bagay toujou jwenn plas yo. Anvan pòs sa a, mwen te anseye pandan apeprè sèt lane nan diferan inivèsite ak kolèj. Mwen fè diplòm mastè ak doktora mwen nan University of California, Davis sou Etid Amerendyen. Se sèl pwogram ameriken ki sou tout emisfè a. Sa vle di nou pa sèlman konsantre nou sou kominote Amerendyen ki isit la Ozetazini men tou sou aspè endijèn atravè Amerik la