Sara Aviel se Prezidan e Direktris Jeneral IAF depi Avril 2022.
Kisa ki te atire w nan IAF oparavan?
Mwen te kontan poutèt opòtinite pou m pwofite de gwo eritaj enpak IAF la. IAF reprezante youn nan meyè modèl devlopman epi li te an avans sou tan li nan fè sa a. Sa gen senkant lane depi yo te konsidere li kòm radikal pou founi gwoup debaz yo fon dirèkteman epi jounen jodi a yo rekonèt li kòm yon meyè pratik pou devlopman. Modèl IAF la pwouve li efikas, men gen anpil lòt bagay nou kapab fè avèk li. Lè n konsidere gwo difikilte rejyon an ak mond lan ap afwonte yo—migrasyon, chanjman klimatik, vyolans—Mwen vrèman kwè ke yo dwe konsakre plis resous pou devlopman entènasyonal bay lidè debaz yo.
Kisa ou te fè avan ou t ap travay nan IAF?
Mwen te toujou gen kòm pasyon volonte pou m pote yon chanjman nan mond lan epi mwen pa ka tann pou jwenn mwayen ki pi efikas yo pou m rive fè sa a. Lè m te fèk kòmanse, mwen te travay pou òganizasyon pou devlopman entènasyonal CARE ak Mercy Corps, ansanm ak fon envestisman sosyal ki pa pou fè lajan an Root Capital. Nan chak grenn òganizasyon mwen wè kòman sa te enpòtan pou m travay avèk kominote lokal yo pou m fè chanjman avanse. Apresa, m te vin antre nan Administrasyon Obama a, kote m te gen privilèj pou m te elabore politik nan nivo ki pi elve yo pandan uit (8) lane. Toudabò, mwen te Konseye Prensipal Sekretè Trezò a tout pandan kriz finansyè mondyal la, apresa se mwen k t ap dirije afè ekonomik entènasyonal yo nan Konsèy Sekirite Nasyonal ansanm ak nan Konsèy Ekonomik Nasyonal la. Apresa, m te vin okipe pòs reprezantan peyi Etazini nan konsèy administrasyon Gwoup Bank Mondyal la epi m te finalman retounen nan Mezon Blanch antanke manm ekip direksyon an nan Biwo Jesyon ak Bidjè a. Apre m te fin kite pòs gouvènman an, mwen te rive kreye pwòp kabinè konsèy pa m epi mwen te travay pou divès òganizasyon prive, miltilateral, ansanm ak òganizasyon ki pa pou fè lajan. M ap kontan itilize eksperyans, konpetans, ansanm ak relasyon m te rive akeri yo nan chak wòl sa yo pou m fè avanse objektif enpòtan nou genyen yo nan IAF la.
Kòman yon mwatye jounen ye pou ou antanke Prezidan e Direktris Jeneral?
Se yon pakèt bagay paske nou gen yon ti ekip konsa a, poutan ki fè yon gwo enpak konsa. Nan travay mwen ak nan travay yon gran pati nan ekip IAF la, nou tout ranpli menm fonksyon ak gwo òganizasyon yo, men nou fè sa avèk efektif anplwaye ki pi redui a. Soti nan anbochman rive nan apwovizyònman rive nan apwobasyon sibvansyon, wòl mwen enplike yon pakèt responsablite jesyon. Wòl mwen enplike tou yon pakèt reprezantasyon ekstèn epi mwen souvan antre an kontak avèk aksyonè kle nou yo, kit se manm Kongrè yo, patnè entèrajans yo, oswa patnè filantwopik yo. Depi m lè te kòmanse nan mwa Avril la, mwen te vrèman pran plezi nan rankontre avèk chak grenn manm anplwaye endividyèlman epi m te vrèman kontan aprann kòman chak grenn moun e tout moun rive kontribye nan ede nou akonpli misyon nou.
Meyè pati nan travay mwen an se rankontre benefisyè sibvansyon yo epi m pou rive wè ki enpak travay nou genyen sou teren an. Mwen te antre an kontak avèk yon douzèn lidè sosyete sivil la ansanm ak jèn lidè ki nan òganizasyon pou benefisyè sibvansyon IAF yo nan kad IX Somè Amerik yo ki te fèt mwa Jen an epi m te vin vizite benefisyè sibvansyon yo nan peyi Ondiras mwa Out pase a. Mwen pa ka tann pou m ale Repiblik Dominikèn avèk Konsèy Administrasyon an mwa pwochen pou m kapab sipèvize pèsonèlman pwojè n ap finanse lòtbò a yo. Mwen espere pase plis tan ann Amerik Latin ak nan Karayib la alavni.
Ki pati ki pi enteresan nan travay ou?
Travay benefisyè sibvansyon nou yo. Gen yon enpak ki tèlman rich. Lè w wè travay benefisyè sibvansyon ou deprè, pale ak yo, epi li sou sibvansyon n ap finanse yo, w ap pi byen konprann poukisa apwòch lokal yo fè sans. Chak grenn pwojè gen plizyè dimansyon–kote yo eksplwate resous inik yo oswa enstitisyon ki prezan yo sou teritwa lokal la, kote yo abòde yon pakèt difikilte ki lye, epi yo rive atenn kominote ki plis nan bezwen yo.
Lòt pati ki enteresan an se kantite bagay nou kapab fè toujou yo. Nou fèk gen yon ogmantasyon 12% nan kredi kongrè nou yo, youn nan pi gwo pousantaj ki ta ka egziste nan istwa IAF. Sa pral pèmèt nou fè yon enpak ki pi gwo toujou. N ap envesti tou nan yon seri sistèm ak platfòm pou n reponn ak bezwen ak ide kominote lokal yo nan fason ki efikas epi pou yo kapab pi byen aprann ak kolabore avèk youn lòt. N ap apwofondi travay nou nan kontwòl, evalyasyon, ak aprantisaj pou n pi byen mezire enpak nou ak pou n amelyore apwòch nou an. Mwen kontan pou m inove avèk nouvo zouti epi pou m ranfòse efò sansibilzasyon aksyonè nou an pou nou kapab kolabore avèk yon kantite patnè ki pi laj. Nou gen yon eritaj enpak ki tèlman rich nan IAF, men nou gen tou yon potansyèl ki pa eksplwate pou n rive fè plis—epi sa vrèman enteresan.
Ou antre nan IAF pandan w soti nan yon seri antite ki pi gwo toujou k ap travay nan yon dimansyon ki pi laj. Kisa ki diferan nan travay nan yon ti ajans ki konsantre sou baz la?
Youn nan diferans yo se ke nou kapab wè enpak nou fè a dirèkteman. Antanke yon ti òganizasyon ki founi òganizasyon debaz yo sibvansyon, nou vrèman pwòch travay lidè sosyete sivil yo an premye liy ak nan enpak nou fè a.
Dezyèmman, estrikti nou pèmèt nou travay ala baz, ki se yon bagay kote se pa tout moun ki kapab fè li. Gwo enstitisyon yo kontribye nan devlopman nan yon pakèt fason ki enpòtan. Poutan yon òganizasyon ki gen yon estrikti ki la pou jere plizyè dizèn milyon dola pa ane pral gen anpil difikilte si l ap eseye priyorize ti gwoup endijèn sa k ap pran nesans lan kote $30,000-$50,000 kapab pote yon bon chanjman pou li. Ou bezwen plizyè apwòch diferan ansanm ak yon estrikti diferan pou rive atenn baz la. IAF se yon eleman enpòtan ki konplete travay pi gwo antite yo.
Finalman, poutèt nou konsantre nou sou baz la pa vle di posiblite pou gen kwasans la minim oswa finansman pou apwòch sa dwe rete fèb. Sibvansyon ki al jwenn chak òganizasyon kominote a jere yo ka fèb, men gen anpil opòtinite san limit pou pwolonje ak agrandi travay sa toupatou nan rejyon an. Mwen wè nou k ap jwe yon wòl lidèchip ki pi solid nan pwomote devlopman debaz, kote n ap pataje modèl IAF la ansanm ak ide nou aprann de plis pase 50 lane eksperyans. Menm jan lòt donatè ak ajans patnè yo rekonèt enpòtans ki genyen nan devlopman kominote a dirije a, nou kapab yon resous pou n jwenn plis finansman pou òganizasyon moun yo dirije yo ki plis sibi enpak difikilte rejyonal majè yo.
Lè ou pa nan travay, kisa w ap fè?
Lè m pa nan travay, mwen pase tan avèk fanmi mwen. Nan wikenn se souvan pil match foutbòl, bezbòl, ansanm ak baskètbòl avèk pitit mwen yo, ki gen laj sèt ak senk lane yo. Nou tout pataje yon lanmou pou espas natirèl epi nou renmen pase tan ansanm nan lanati, kote n ap eksplore anviwònman eksteryè a. Nou renmen pran dine an fanmi tou trè souvan avèk paran mwen yo, ki te demenaje vin ret Washington, DC, depi yon lane apre yo fin pase plis 50 lane ap viv California.