Skip to content
  • Kreyol
    • English
    • Español
  • Kesyon yo poze souvan
  • Kontakte nou
Fondasyon Entèameriken Logo Fondasyon Entèameriken Logo Fondasyon Entèameriken Logo

  • Ki moun nou ye
    • Anplawaye
  • Ayiti
  • Demann Fon yo
    • Envitasyon espesyal
  • Nouvèl ak Istwa
  • Ki moun nou ye
    • Anplawaye
  • Nouvèl ak Istwa
  • Ayiti
  • Demann Fon yo
    • Envitasyon espesyal
  • Kontakte nou

Ajan Veterinè ap Asire Sante Bèt ak Mwayen pou Viv

By Dieusibon Pierre-Mérité|2019-01-10T10:54:19-05:0025 April 2017|
social icon social icon social icon social icon

Nan andeyò peyi Dayiti, yo mezire sante yon moun ak konbyen bèt li genyen, sitou kantite kochon ak kabrit l ap jere nan patiraj li. Fanmi kap goumen fè kòb yo nan elvaj kabrit, e founi yon gwo sous pwoteyin.

Pou asire aktivite pou viv sa yo kontinye rete yon aktivite dirab pou ayisyen andeyò, Fondasyon Entè-Ameriken (Inter-American Foundation, IAF) kore òganizayon debaz pou ogmante pwodiksyon betay yo ansanm ak lòt aktivite agrikòl kap itilize metòd efikas sou plan ekolojik. Bagay sa yo fè pati yon priyorite santral pou pòtfèy peyi Dayiti a: Pou amelyore pwodiksyon agrikòl sou ti pasèl tè ak pou devlope solidite sistèm manje lokal.

Youn nan òganizasyon sa yo se Organisation de Développement Durable et Solidaire d’Haiti (ODDSHA), nan kominote Cavaillon nan depatman disid peyi Dayiti, li kontan anonse gradyasyon 29 travayè veterinè kalifye ki pral travay pou asire sante kabrit ak lòt bèt.

Lyezon lokal IAF la pou Ayiti te la, epi te ekri rapò sa.

Nan dat 21 jiyè 2017, Organisation de Développement Durable et Solidaire d’Haiti (ODDSHA) te onore 29 nan manm li yo kap travay nan minisipalite Cavaillon an ak sètifika veterinè nan yon mannyè kòrèk pou okazyon an.

Diplome sa yo te swiv yon fòmasyon solid pou yo vin ajan swen veterinè. Nan yon seremoni, Reveran Pè Ingrid Antoine te kòmanse ak yon mès aksyon de gras nan l’Eglise Sainte Therèse Boileau a. Yon kongregasyon plis pase 200 moun, tankou reprezantan otorite lokal, òganizasyon lokal ak paran ak zanmi diplome yo, tout elvè nan distri a, te reyini pou selebre.

Pandan omeli li, pè pawas la te remèsye Inter-American Foundation (IAF) onon moun Cavaillon pou zouti yo bay lidè kominotè yo pou yo vin elvè ki sifizan a yo menm. Zouti sa yo pèmèt yo pi byen fès fas ak maladi yo kap frape bèt yo–kote y ap bay altènatif pou jwenn swen lòt kote oswa pou pa depann sou charite pou yo jwenn lajan. Kounye a, 29 travayè veterinè kalifye kapab kontribye dirèkteman nan devlopman ekonomik ak sosyal kominote a. Ekonomi andeyò peyi Dayiti a sitou baze sou elvajl deja chak ane, maladi sezon tiye plizyè santèn bèt akòz mank swen medikal kòrèk ak vaksen.

Dapre kowòdinatè CASEC seksyon kominotè Boileau a, Siklòn Matthew nan mwa oktòb la te pote anplis destriksyon, pwoblèm pèsistan tankou maladi bèt. Nèf mwa apre Matthew, moun andeyò yo kòmanse ap refè. Kalte pwojè konsa se yon eleman enpòtan nan redevlopman ekonomik kominote sa yo, poutèt enpak sou yon ti bout tan, tan ki pa twò long oswa sou yon bon bout tan li genyen sou byenèt ekonomik fanmi yo. Pou manm òganizasyon benefisyè yo, bay kabrit ak fòmasyon veterinè se yon egzanp pwojè ki byen reflechi ak vizyon alontèm.

Kowòdinatè ODDSHA te di IAF asire òganizasyon an te benefisye bon jan fòmasyon epitou te bay fèmye lòt fòm sipò. Manm ODDSHA anmezi kounye a pou pl ataje nouvo konesans yo pami lòt òganizasyon patenè IAF kap travay nan domèn elvaj.

Madam Stiven Genève Carmélia, yon manm 49 lane daj nan Asosysasyon Ann chanje Lakay Pa’n (ASHLAP), te pami premye elèv klas sa ki te gen ladann 29 moun, kote sis ladan yo se te fi. Patisipan ki te la yo te bat gwo bravo pou Madam Carmelia ki deja ap founi sèvis sante kominotè nan seksyon kominal Durocher. Manman twa pitit (de fi ak yon gason), Madam Carmelia te kontan anpil pou l kapab ede elvè pi byen jere maladi ki tap frape bèt yo nan zòn lan. Li te remèsye mari li Mesye Fares Elisca pou ankourajman li te ba li pandan fòmasyon 12 mwa a. Fòmasyon an reprezante yon kokenn sous fòs ak yon okazyon pou asosyasyon ak minisipalite Cavaillon an ki rekoni pou pwodiksyon ak komès kabrit nan depatman disid lan.

Joseph Castor, yon teknisyen chaje ak esperyans ki te fòme nan Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè nan Inivèsite Deta Dayiti te asire fòmasyon an. Castor, ki nan laj 60 lane yo, fyè dèske l te fòme yon pil ak pakèt ajan veterinè nan peyi a epi te pwomèt tout elèv li yo pou l toujou rete a dispozisyon yo pou bay konsèy ak pou aplike konesans yo sou teren an. Bay òganizasyon benefisyè bèt pa sifi; yon moun dwe toujou founi kominote a bon jan zouti pou asire byenèt yo. Chak ane, dapre espesyalis sa, maladi Newcastle tiye kèk milye bèt akòz pa gen ase vaksen.

Sonje pwojè sa a te fèt nan tèt kole ak 14 òganizasyon debaz nan kominote Cavaillon. Li deja pèmèt òganizasyon sa yo travay ansanm pou byenèt kominote a. Dapre Blaise Télémaque, kowinatè ODDSHA pou kounye a, ansanm ak gwoup yo te resevwa rekonesans legal nan Ministè Zafè Sosyal, epi ansanm, yo devlope yon abitid travay pou asire byenèt kominote a. Li te di tou pwojè sa te pèmèt òganizasyon yo wè enpòtans transparans anndan asosyasyon sa yo.

Seremoni gradyasyon an te sanble anpil ak yon seremoni maryaj nan yon kominote ayisyen andeyò. “Tout moun yo te abiye ak pi bèl rad yo tankou moun ki prale nan yon maryaj”

Li enpòtan pou lòt òganizasyon patenè IAF kap travay nan elvaj kabrit rantre ankontak ak ODDSHA pou pataje konesans yo.

Ou ta ka renmen tou

La crisis humanitaria de Haití: perspectivas de la comunidad

Ekonomize pou yon pi Bèl Avni: Istwa Fasemie

Lakay se Lakay ann Ayiti

Ajan Veterinè ap Asire Sante Bèt ak Mwayen pou Viv