Nan selebrasyon istwa Mwa Fanm, sis (6) fanm te pataje istwa yo avèk nou ki montre kijan ti envestisman IAF yo chanje lavi yo.
Fanm sa yo fe pati twa (3) òganizasyon nan depatman sidès Ayiti ke Fondasyon Inter-American te finanse. Chak òganizasyon sa yo gen pwòp misyon ak apwoch yo pou ankouraje devlopman, men yo tout itilize Fon Mityèl Solidarite pou pèmèt fanmi yo kapab gen aksè ak kredi. Yon Fon Mityèl Solidarite se yon sistèm epay ak kredi kote manm yo nan kominote a mete ekonomi yo ansanm pou konstwi yon fon pou aktivite manm yo. Swasant-onz pousan (71%) pwojè IAF sipòte an Ayiti yo itilize sistèm sa yo pou ogmante opòtinite ekonomik pou fanm yo.
- Óganizasyon Peyizan Labiche (OPLA) ankouraje agrikilti diriab ak elvaj.
- Fondasyon Limyè Lavi (FLL) ede fanm yo fè elvaj pou jenere ase revni yon fason pou yo ka evite voye pitit yo nan restavèk kay moun, yon bagay anpil fanmi pòv Ayisyen panse ki se sèl opsyon yo.
- Fanm Deside travay sou zafè vyolans ki baze sou sèks pandan lap pemèt fanm vilnerab yo gen mwayen pou fè lajan epi ede yo garanti lojman, manje, ak edikasyon pou pitit yo.
Istwa sa yo soti nan òganizasyon debaz yo kap bay mwayen ak lot sèvis ki empòtan nan lavi fanm yo, tankou: sitèn kominotè, kabrit pou kòmanse yon elvaj, oswa yon mikwokredi. Yon tandans komen nan istwa fanm yo, se benefis ke ou pa ka manyen yo, tankou: fanm yo vin lidè ekonomik, yo pran fyète nan kominote yo, fanmi yo santi espwa pou lavni pandan yap devlope mwayen sibzistans yo…
You might also like

Lyfelise Charles, se yon manman selibatè ki gen 61 lane e ki gen de (2) pitit. Li te resevwa yon prè 20,000 goud Ayisyen (~$200 U.S.) nan Fon Mityèl Solidarite avèk Fanm Deside. Avèk prè sa, li te anmezi pou vann pwodwi moun mange pou peye etid inivèsite pitit li ak depans fanmi l chak jou. Lyfelise panse ke Fon Mityèl Solidarite a bay fanm yo non sèlman aksè nan kredi, men tou granmoun tèt yo nan zafè lajan nan fanmi yo.
Henite Maurice te resevwa semans pwa, fòmasyon nan aktivite agrikilti dirab, ak de (2) kabrit ki soti nan OPLA pou fè elvaj. Li te jwen yon prè 10,000 goud (~$100 U.S.) gras a Fon Mityèl Solidarite a. Prè sa te pèmèt li patisipe nan komès pou kouvri frè lekòl pitit li yo. Mari Henite apresye anpil kontribisyon ak sipò li nan jere jaden pwa ak elvaj kabrit. Nan ane kap vini yo, fanmi an espere yon antré plis lajan gras a plis aksè ke yap genyen nan kredi ak plis tèt bèt.
Mélièse Saint-Ylaire se yon vèv ki gen 64 lane ki te resevwa semans pwa, fòmasyon sou agrikilti dirab ak konsèvasyon tè, ak de (2) kabrit ki soti nan OPLA. Kabrit li yo fè pitit , li rive nan nèf kabrit, li bay yon lòt fanmi OPLA de (2) kabrit ladan yo. Daprè Mélièse, kabrit yo ak epay li nan Fon Mityèl Solidarite reprezante asirans sante ak retrèt li kòm ki pa gen mari,ni pitit.
Ametide St Jean abitye pase senk èdtan pa jou ap monte desann mòn yo pou li al chèche dlo nan Rivyè Mabial anvan FLL ak manm yo nan yon asosyasyon òganizasyon debaz lokal te bati yon sitèn nan kominote l. Sè li te soufri akoz yon janm kase pandan li tap travèse yon pant danjere, e pitit li yo te konn pèdi plizyè èdtan nan moman pou yo etidye chak jou nan ale chache dlo. Kounye a li lib nan travay chak jou san al bwote dlo, pitit Ametide yo ka pase plis tan ap etidye.
Nadine Saint-Louis rive gen wit (8) kabrit apati de 2 kabrit ke li te resevwa nan FLL. Li bay yon lòt fanmi de (2) ti kabrit. Pa twò lontan de sa, li te vann youn nan kabrit sa yo pou 6,000 goud (~$63 U.S.) pou l peye yon pati nan frè eskolè pitit li yo. Tout fanmi Nadine patisipe nan swen bèt yo, li konsidere kabrit yo tankou ekonomi pou edikasyon ak sante.
Brinelia Fils, yon vèv ak manman kat (4) pitit, li deside kenbe pitit li yo avèk li olye li voye yo nan restavèk kay moun apre sesyon dyalòg FLL la ki te fè yo pran konsyans sou move tretman pitit yo ka sibi. Grasa yon prè 5,000 goud (~$50 U.S.) ki soti nan yon Fon Mityèl Solidarite, Brinelia vann mange ki diponib chak sezon yo, sa ki pèmèt li pran swen pitit li avèk plis espwa ak fyète. Li fyè tou akoz sitèn dlo ke IAF te finanse pou kominote l, sa li konsidere kòm yon senbòl devlopman kominotè.