Nou tout konnen ke kolaborasyon ak aprantisaj ant kanmarad ranfòse travay nou. Nan lespri sa a, anpil òganizasyon ki pa gen objektif fè pwofi ak donatè—ladan yo IAF—te chèche kreye espas pou patisipan oswa benefisyè pa yo kolabore epi fè echanj enfòmasyon, tankou platfòm pataj konesans ak kominote pratik yo. Sepandan, resous valab potansyèl sa yo kapab kèk fwa pa sèvi ase oswa vid. Zèb dijital ap pouse nan tout fowòm ki vid yo pandan dosye resous yo ap pran pousyè… 

Èske òganizasyon ou a te janm lanse yon kominote pratik sou entènèt ki pa t reyisi, oswa ou ap prepare ou pou lanse youn? Sa a se pou ou!   

RedColaborar se yon kominote pratik sou entènèt pou òganizasyon kominotè ki nan rezo IAF la rasanble avèk kanmarad yo epi pataje webinè, atelye, resous ak materyèl. Nou te eseye lanse li nan lane 2015, men san gwo siksè. Depi septanm 2020, IAF te travay pou kreye RedColaborar atravè yon akò kolaborasyon avèk MAKAIA, yon òganizasyon ki pa gen objektif fè pwofi ki chita nan Medelin nan peyi Kolonbi, ki espesyalize nan devlope kapasite sosyete sivil atravè teknoloji, inovasyon ak kolaborasyon entènasyonal. 

Nou te mande pèsonèl MAKAIA a konsèy yo sou ki pi bon fason pou kreye kominote pratik ki dinamik, aktif, itil epi dirab. Sou baz eksperyans yo nan enplantasyon RedColaborar pou li reyisi pandan ane ki sot pase a, yo te di se de prensip ki nesesè sèlman: kiltive kokreyasyon epi konstwi kominote anpremye.   

Kiltive kokreyasyon

Premye kesyon pou n poze lè n ap kreye yon kominote se, “Èske nou vle kominote sa a se patisipan ki ladan l oswa kokreyatè?” Sa vle di, èske n ap chèche manm kominote pou patisipe nan evènman oswa konvèsasyon yon òganizasyon oswa yon komite pilotaj ap òganize? Oswa èske nou vle yo santi se afè pa yo, pou pwopoze epi dirije aktivite ak diskisyon pa yo? 

De nivo patisipasyon yo pa anpeche youn lòt, se sèten, men gen avantaj klè nan ankouraje yon kominote kokreye: li bay manm yo fòs, li konstwi kapasite, li fè kominote a pi rezilyan epi li kreye relasyon pèsonèl ki ale pi lwen pase kèk aktivite espesifik.

Lòt avantaj kokreyasyon an gen ladan:

  1. Ogmante kreyativite a: Lidè ki nan yon espas kapab pwopoze bon lide, men lè ou apiye sou lide manm yo sa elaji chan aksyon an. Egzanp, manm RedColaborar yo te pwopoze nouvo dinamik entèraksyon pou reyinyon yo ak nouvo zouti travay, tankou Murally, Canvas oswa Jamboard. MAKAIA ak IAF te rive reyalize kèk nan lide sa yo nan espas travay pa yo pou anrichi pratik yo.
  2. Elaji chan aksyon an: Manm yo gen plis chans vini avèk rezo pa yo lè se yo menm k ap dirije yon evènman oswa pataje yon resous. MAKAIA te sèvi avèk apwòch tankou “envite yon zanmi” epi gwoup WhatsApp pou chak peyi ki nan rezo a pou ogmante koneksyon ant manm yo epi ankouraje manm yo pataje evènman.
  3. Reaksyon imedya: Lè manm yo gen dizon pa yo nan desizyon planifikasyon evènman yo, li pi fasil pou kominote a ajiste kontni ak zouti yo selon bezwen pa yo. Nan yon sesyon diskisyon pèmanan ki fèt chak de semèn, manm RedColaborar yo pataje opinyon yo sou kijan kominote a ap grandi epi pwogrese. 

Konstwi yon kilti kokreyasyon pran anpil tan ak envestisman nan pwosesis la, pa nan rezilta imedya. Li difisil pou simonte diferans kiltirèl, lengistik, kontekstyèl ak pwogramatik pami òganizasyon nan rejyon an. MAKAIA ak AIF fè defi sa a tounen yon sous divèsite ki rich atravè zouti, sèvis entèprèt ak materyèl fòmasyon.

Konstwi kominote anpremye

Li fasil pou panse premye bagay ou ta dwe fè lè w ap kreye yon platfòm konesans sou entènèt se pou kreye platfòm nan epi founi yon seri zouti ak espas ki enteresan pou moun sèvi. Men si se kreye ou kreye l sèlman, yo gen dwa pa vin sou li. 

MAKAIA te kòmanse devlope kominote pratik atravè realizasyon yon seri rasanbleman kote 50 òganizasyon benefisyè IAF ki soti nan diferan peyi te aprann konn youn lòt, pataje lide epi reflechi sou kisa yo ta ka fè avèk RedColaborar. Se sèlman apresa ke yo te vin gen atelye kokreyasyon pi espesifik pou defini objektif kominote a epi jenere lide sou kijan pou fè li tounen yon reyalite. Atelye yo te pote fwi paske òganizasyon yo te deja kreye zanmitay solid ak bon dinamik kolaborasyon. 

Kominote yo te defini objektif yo kòmkwa pou yo te tounen “òganizasyon sosyete sivil ki gen yon eritaj lapè, enklizyon ak byennèt pou jenerasyon aktyèl la ak sa k ap vini yo nan Amerik Latin ak Karayib la.” Yo te lanse sis inisyativ ke benefisyè yo te dirije yo menm pou reponn ak divès bezwen kominotè, tankou webinè, yon fwa anyèl, yon bibliyotèk sou entènèt avèk piblikasyon benefisyè yo, epi yon inisyativ pou resanse fòs òganizasyonèl yo. MAKAIA te rive devlope yon nouvo platfòm ki te ajiste selon bezwen benefisyè yo te idantifye yo menm. Si òganizasyon an te eseye devlope teknoloji a anvan li aktive epi ranfòse kominote a, yo t ap gen risk pou yo gen yon bèl platfòm kote pèsòn pa enterese konekte atravè li. 

Zanmitay se youn nan pati ki pi enpòtan nan konstwi kominote, paske se lyen sa a ki fè diferans ant yon kominote ak nenpòt lòt gwoup oswa asosiyasyon moun. Nan RedColaborar, espas sosyal tankou cafecitos (poz kafe) vityèl kreye eksitasyon pou espas fòmasyon yo.

Kijan mwen kapab kreye yon kominote moun ke yo pral sèvi avèk li vreman?

Alafen, tout sa ou kapab fè se koute sa moun yo di yo bezwen epi travay avèk ekip ou a pou ba yo li. Ou pa ka fòse yon kominote rasanble, men ou kapab kreye kondisyon pou fè sa rive poukont li nan ankouraje yon santiman apatenans depi nan kòmansman an. Lè sa rive, li pote transfòmasyon. Yon kominote sou entènèt ki aktif kapab redinamize enèji patisipan yo, jenere patenarya epi ankouraje inovasyon. Si ou swiv sigjesyon patnè nou an MAKAIA, ou kapab fè maji sa a rive nan mitan patisipan pa ou yo.    

Ou ta ka renmen li tou