Youn nan konviksyon fondamantal nou yo se ke kominote yo deja gen anpil nan resous yo bezwen pou pote chanjman pozitif. Òganizasyon kominotè ki reyisi yo konprann bezwen lokal yo, yo kapab jwenn sipò biznis lokal yo epi yo kapab mobilize rezidan lokal yo pou yo yo fè benevola. Avèk yon envestisman lajan ak asistans teknik IAF pou lanse travay yo, yo kapab pran yon inisyativ epi kondi li nètale.
Yon fason nou montre konfyans sa a nan kominote yo se atravè egzijans nou fè moun k ap aplike pou sibvansyon yo angaje kontrepati sou fòm resous, yon koenvestisman manm kominote a nan pwojè sibvansyon an. Depi premye sibvansyon nan lane 1970 yo, nou te valorize yon fason eksplisit tan, ekipman ak resous nou te konnen kominote yo ap pote pou fè pwojè sibvansyon yo reyisi. Paske koenvestisman kominote a se yon kondisyon pou resevwa yon sibvansyon IAF, li nòmal pou kominote yo gen mo pa yo pou yo di epitou pou yo envesti nan rezilta aktivite pa yo. Kontrepati kominote yo pote yo miltipliye enpak IAF la tou. Pou chak $1 IAF envesti, kominote yo mete $1.24 anmwayèn.
Benefisyè potansyèl yo te toujou gen kesyon sou kijan pou kalkile valè monetè kontrepati sou fòm resousyo oswa kijan pou kategorize kontribisyon yo. Nan tan pase, nou te reponn kesyon sa yo yon fason endividyèl. Men pandan ane ki sot pase a, nou te travay pou devlope yon resous ki pi vizyèl ki esplike kijan pou evalye kontrepati sou fòm resous yo nan chak lang prensipal nou yo (angle, panyòl, potigè ak kreyòl ayisyen). Mwa sa a, nou fyè pou nou lanse Gid sou kontrepati yo pou òganizasyon ki mande don.
Nou kalkile valè kontribisyon annati kominote yo fè epi nou mete li nan total yo a ansanm avèk kontribisyon lajan biznis, fondasyon lokal oswa gouvènman lokal yo fè. Kalkil la chita sou kisa sa t ap koute yo pou yo lwe machin sa a oswa espas envènman sa a, anplwaye ekspè sa a oswa achte tan sou machin tretman sa a. Manm òganizasyon ak kominote yo yo menm souvan sezi wè valè sa yo rive pote nan travay yo lè yo totalize ansanm yon sèl kote.

Paj sa a ki soti nan gid kontrepati a dekri sa nou vle di pou resous an kalite.
Menm si nou egzije tout benefisyè yo envesti nan pwòp travay pa yo, nou pa egzije yo yon montan espesifik oswa pou “bay menm montan ak” finansman IAF la. Nou konprann ke sikonstans chak kominote diferan epi ke kèk ladan yo gen dwa pi fasil oswa gen plis difikilte pou ranmase lajan sou plan lokal la. Nou pa vle pou egzijans la se yon fren pou resevwa yon sibvansyon IAF. Men nou pa souzestime sa kominote yo kapab fè. Lè nou te analize chif yo sou dis lane sibvansyon, nou te jwenn ke anmwayèn kominote yo te depase montan yo te angaje pou bay nan sibvansyon IAF yo a lè ou konsidere valè monetè tout sa yo te kontribye.
Fòma bidjè nou an te fèt pou gide benefisyè potansyèl yo nan rekonèt kisa yo kontribye nan yon pwojè. Pou fè li klè ke se patenarya nou fè avèk kominote olye nou fè lacharite, gen 4 kolòn pou chak depans oswa resous ki nesesè pou aktivite a pou montre ki moun k ap kouvri li: IAF atravè finansman sibvansyon, lòt finansman oswa òganizasyon, òganizasyon kominotè oswa patisipan nan pwojè a yo menm. Total tout bagay ke IAF, òganizasyon an, kontribitè ekstèn ak patisipan yo kontribye yo rive bay 100% depans pou reyalize inisyativ la. Kontrepati a se pa yon opsyon pou IAF: chak eleman nan bidjè a nesesè.

Paj sa a ki soti nan gid kontrepati a bay konsèy pou ranpli tablo bidjè a.
Avèk egzanp ak esplikasyon pou chak mo nou sèvi, chak kategori pou depans ak chak kolòn nan bidjè a, nouvo gid nou a pral gide moun k ap aplike yo atravè apwòch envestisman nou an nan travay nan tètkole yo a. Nou espere gid sa a itil òganizasyon yo nan preparasyon aplikasyon yo pou finansman IAF yo. Epitou, nou kontan pale sou egzijans kontrepati nou an ak plis detay avèk lòt òganizasyon finansman. Nou wè egzijans koenvestisman benefisyè yo tankou yon fason pou favorize dirabilite nan travay yo