Sitiyasyon imanitè Ayiti a, ki te deja pa t bon, vire nan yon nouvo ekstrèm nan dènye mwa yo. Pou premye fwa, lafen rive nan yon nivo ki katastwofik. Nan twa dènye lane sa yo, kondisyon sosyo-ekonomik zile a vin pi mal akòz enstabilite politik, krim ak vyolans, enflasyon ak yon kriz sanitè ki grav ki gen rapò avèk COVID-19. Rate gaz resan yo, ki te vin pi mal avèk dap piyanp gang yo fè sou prensipal tèminal gaz Ayiti a, paralize aktivite ekonomik ak sosyal yo. Lekòl ak lopital fèmen, san kouran. Ti biznis fè fayit epi anpil moun pèdi travay yo. Sa lage fanmi yo nan dezespwa, kote pouvwa dacha yo, epi y ap fè fas avèk ogmantasyon pri ki plis pase 45% sou kèk pwodwi ant mwa jen ak oktòb ane sa a. Pa egzanp, pri yon sak diri enpòte 25 kilo te double sòti3,000 goud (apeprè $23) nan mwa me pou rive apeprè 6,000 goud ($46). Pou konprann pi byen, menm anvan kriz sa a, apeprè55% ayisyen t ap viv pi ba pase sèy povrete $2.41 pa jou a.
Nou ogmante finansman IAF ane sa a atravè sibvansyon 22 òganizasyon kominotè benefisyè nan nèf depatman ann Ayiti ki vital nan ede popilasyon vilnerab yo adapte yo fas avèk chòk ekonomik, politik ak enviwòmantal pèsistan yo. Nan kondisyon sa yo, sivi ak kontinye fonksyone se deja yon pakèt bagay epi sa kapab lye dirèkteman avèk travay konsistan epi k ap rapouswiv òganizasyon yo pou kiltive rezilyans.
Ranfòse sèvis sante kominotè
Nan mitan yon epidemi kolera, kriz gaz la met atè twaka nan lopital peyi a, paske yo sèvi avèk dèlko dyezèl pou yo jwenn kouran. Li lakoz anpil anbilans pa sèvi tou. Benefisyè nou Unité de Lutte pour la Santé (ULS) te fè yon jan pou sèvisklinik kominotè li a te fonksyone nan Depatman Nò a gras avèk enstalasyon yon sistèm enèji solè IAF te finanse. Envestisman IAF yo te pèmèt tou entèvansyon ULS yo nan zòn rekile yo, pou fè sa li te ranfòse rezo fanmsaj, klinik mobil, pòs vaksinasyon ak lòt sèvis depistaj ak kominotè.
Selon Doktè MesadieuMaudelin, kòdonatè pwojè, “Majorite lopital nan Nò fèmen pou kounyeya akòz pwoblèm gaz la. ULS rive fonksyone 24trèdtan pa jou epi li fè tout sa li kapab pou bay popilasyon an sèvis gras avèk sistèm enèji solè IAF bay la. Pandan plis pase yon mwa, sant sante ULS a te resevwa 45% pasyan anplis pou tout sèvis li yo.”
Kenbe likidite
Kriz ekonomik la afekte enstitisyon finansyè yo ak likidite aktif yo, paske bank yo t ap fonksyone twa jou pa semèn. Li te enposib pou te jwenn kredi nan men yon bank oswa koperativ, epi sa te reyalite majorite kominote benefisyè nou yo depi anvan kriz la. Fanmi ki te bezwen yon prè pou ouvè yon komès oswa peye frè medikal te oblije ale kote moun ki bay prè pou yo—pran ponya jan yo di nan Kreyòl Ayisyen an, ke nou ka tradui de fason literal “taking the dagger (pran pwanya).” Asosyasyon epay ak kredi ak lòt mekanis pou jwenn kredi te ofri yon altènativ pou ede fanmi yo pa desann pi fon nan povrete.
Prèske tout (96%) sibvansyon IAF ann Ayiti yo gen ladan kredi ak/oswa sipò pou asosyasyon epay ak kredi, yo rele Mutuelles de Solidarité (MUSO), ki ofri aksè avèk kredi a moun ki gen pwoblèm pou jwenn li. Tankou, nan depatman Nòdès la, Òganizasyon Sant pou la Kilti ak Devlopman Karis (SKDK) ranfòse yon rezo MUSO ki te pèmèt kiltivatè yo ogmante pwodiksyon yanm, jenjanm ak pistach yo.
Holgine Elicia Henrilcé genyen yon ti komès lavant pwodwi alimantè an detay. Li te prete 15,000 goud ($120) nan MUSO li a pou komès li a. Selon Elicia, “Pri pwodwi yo te ogmante avèk rate gaz la. Li’te difisil pou renouvle estòk la nan menm kantite a. Pou kounyeya, MUSO a se sèl fon dijans nou.”
Gracieux Guerrier fè lajan pou li ak kat pitit li yo nan travay latè ak fè komès. Ane sa a, li prèske pa rekolte anyen nan plantasyon pwa ak mayi li yo akòz sechrès. Fanmi l ap siviv gras avèk yon prè 15,000 goud ($120 ameriken) li te resevwa nan yon MUSO ki gen finansman yon benefisyè IAF ki se Association des Femmes Actives de Beauchamp pou li kòmanse yon ti komès pwodwi alimantè enpòte. Menm si lajan an te pèmèt li kòmanse, komès li a te bezwen yon ti diplis pou li te otonòm. Gracieuse di, “M ap viv pa lafwa kounyeya. Mwen pa konnen kilè bagay yo ap vin pi bon. M ap tann yon nouvo prè toujou paske se sèl espwa mwen pou mwen rekòmanse komès la. Pou kounyeya, mwen gen twa mamit diri and yon lit lwil pou vann. Semèn sa a mwen pa t al nan mache paske mwen pa t ka nan peye machin pou ti kantite pwodwi sa yo. Mwen t ap oblije mache plis pase 3zèdtan pou mwen rive lòtbò a. Epitou, mwen pa ka vann tout bagay epi pou m kite timoun yo mouri grangou. M ap tann yon lòt prè pou m envesti nan komès mwen an.” San prè li gen kounyeya, sitiyasyon Gracieuse la te ka pi mal toujou.
Ranfòse sekirite alimantè
Pri pou manje ak lòt pwodwi toulèjou ap ogmante pou yon valè rezon Kapital la Pòtoprens nan eta syèj, avèk gang k ap kontwole tout pwen antre ak sòti vil la, fè peye lajan pou kite byen oswa moun rantre oswa sòti nan vil la. Poutèt anpil aktivite ekonomik se nan kapital la yo fèt, sa afekte estòk pwodwi enpòte nan rès peyi a ak pwodwi lokal nan Pòtoprens. Pri yon galon gazolin ogmante sòti apeprè $1.93 pou rive prèske $40 nan mache nwa nan zòn riral yo. Pa egzanp, pri vwayaj nan bis sòti Okay pou rive Pòtoprens vin 5 fwa plis rive $19. Sechrès yo afekte pwodiksyon danre lokal yo anpil epi ti rekòt vle di pri pi wo pou manje epi mwens lajan pou regle tout bagay.
Nan Nòdwès, benefisyè IAF yo tankou Coopérative Espoir pour Demain (CED), Union des Paysans Tet Kole de Mahotière (UPTKMA), ak Association Fanm nan Denis (AFD) te bay manm yo mwayen pou fè fas avèk kriz san rete sa yo avèk rezilyans. Plizyè santèn fanmi te benefisye asistans teknik ak finansyè CED sou fòm kredi, semans ak kabrit ki te ede yo ogmante pwodiksyon manje yo. Anplis de sa, gras avèk sibvansyon IAF li a, AFD te rive ogmante kapasite atelye transfòmasyon pwodwi agrikòl li a, diminye pèt aprè rekòt yo epi ajoute valè sou pwodwi manm li yo. Sa te pèmèt AFD jenere prèske de milyon goud ($13,670.4) revni anplis pou plis pase 800 manm li yo nan espas twa mwa