Kòm mwen se pitit fi Ayisyen, epi mwen fèt nan Etazini, gen anpil fwa mwen konn santi mwen nan mitan kilti de peyi sa yo. Pandan mwen t ap grandi, nan jou pou fete Thanksgiving, li te pi fasil pou mwen te jwenn diri ak djon djon pase pire pòmdetè (mash potatoes). Pou di vre, mwen pa te janm manje yon pla tradisyonnèl Thanksgiving jouktan plizyè lane apre le mwen te ale etidye an Swèd epi mwen te pase fèt sa a avèk kèk lòt etidyan Ameriken. Menm lè sa a, sikonstans yo pa te fin jan fò yo ta ye nòmalman.
Sou lòt mwatye kiltirèl mwen an, menm sou bò Ayisyen mwen an, li konn difisil pou mwen antre nan eritaj sa a byen paske mwen p ap viv nan peyi a.
Gen kèk rezon ki fè pitit moun ki soti nan lòt peyi pataje doub karakteristik sa yo. Sèlman, menm si mwen pa fin koresponn nèt avèk okenn nan de kilti yo, mwen santi yon konneksyon avèk toulede. Se poutèt sa mwen te kontan anpil lè, nan mwa mas la, IAF te ba mwen yon chans pou ale nan konferans ant bennefisyè sibvansyon yo, epi mwen te tounen Ayiti pou premye fwa depi 13 an. Lane sa a, IAF òganize yon echanj ant patnè li yo, kote ansyen bennefisyè ak bennefisyè sibvansyon kouran yo kontre youn ak lòt pou pataje eksperyans yo fè, ak pou youn aprann nan men lòt.
Lè mwen rive Ayiti, moun mwen kontre yo ba mwen yon bèl resepsyon san yo pa te menm konnen tout sa yo t ap fè pou mwen. Mwen tande tout moun sa yo k ap pale bèl lang Kreyòl la, ki bay istwa, blag, ak pwovèb bon gou. Pandan mwen te nan wout pou ale wè kèk òganizasyon, radyo a te jwe yon chante Tabou Combo ki rele “Lakay”. Nan chante a yo di, “Ala kontan m kontan aswè a m nan peyi m !” Se komsi yo te konnen egzakteman sa mwen t ap viv nan moman sa a. Lè mwen te di youn nan bennefisyè nou yo jan mwen te kontan retou a, li rezime sa mwen te vle di a konsa: “Lakay se lakay”.
Sa ki te pi enteresan pandan vwayaj mwen an, se lè mwen t ap pale ak patnè sibvansyon IAF yo pandan konferans lan. Mwen te santi yon fyète lè mwen t ap koute Ayisyen parèy mwen yo fè prezantasyon sou plizyè sijè, tankou sante, agrikilti, ak dwa fanm. Mwen wè jan chak moun metrize domenn yo byen. Sa ki te fè m lapenn, se lè mwen te tande kouman chanjman klimatik la te rann lavi a difisil pou anpil moun. Gen moun ki te oblije mache yon gwo distans pou rive nan kote pou yo te jwenn dlo. Gen danre ki pa te pouse paske tèlman sezon yo chanje, kiltivatè yo pa te kapab prevwa lè pou yo plante ankò. Tèlman bagay yo difisil, gen de moun ki panse ke plizyè kominote ka fin disparèt nan yon 10 an konsa.
Malgre sa, mwen te santi yon ti espwa, lè m te wè bennefisyè sibvansyon yo pataje eksperyans yo fè, analize sikonstans yo, eksplike poukisa bagay yo vinn konsa, ak prezante estrateji ki pèmèt yo abòde kèk nan pwoblèm sa yo. Echanj lan te yon temwayaj konnesans ak kapasite ki genyen nan òganizasyon de baz pou kreye chanjman pozitif lakay yo. Anverite, sa se rezon tout bon ki fè IAF òganize echanj ant bennefisyè sibvansyon yo: se kreye espas kote patnè yo kapab bati konfyans ak lespri kominotè.
Pèsonnèlman, mwen ka di refè kontak avèk rasin mwen, se te yon avantaj anplis. M ap di patnè sibvansyon nou yo ak ekip IAF ki Ayiti a mèsi pou tan nou pase ansanm nan ak pou tout sa nou pèmèt mwen aprann. Nou fè m sonje, menm apre tout tan mwen pase lòtbò, Ayiti se toujou lakay mwen. Lakay se lakay!
Ou pral renmen tou
Pataje enfòmasyon sou devlopman kominote a!