“Sa se platfòm pa w.” Sa a se te mesaj prensipal la nan lansman, nan dat 13 oktòb la, RedColaborar, yon platfòm aprantisaj ant kanmarad sou entènèt ke Fondasyon Entèameriken (Inter-American Foundation) an te reòganize pou—epi avèk—patnè benefisyè nou yo. Plis pase twa san reprezantan òganizasyon kominotè ak òganizasyon sosyete sivil ki soti nan Amerik Latin ak Karayib la epi 31 manm pèsonèl IAF te patisipe nan evènman an. Plis pase 600 moun te deja anrejistre sou platfòm nan.
Depi fondasyon IAF, nou te angaje nou pou ankouraje aprantisaj ak kolaborasyon ant kanmarad nan mitan patnè benefisyè nou yo. Nou toujou wè gwoup kominotè yo gen ekspètiz, detèminasyon ak angajman pou rezoud pwoblèm nan kominote pa yo—epi se yo ki pi kapab fè sa. Epi solisyon yo jwenn yo kapab ede lòt gwoup ki nan sitiyasyon ki sanble avèk pa yo. Kijan nou kapab ranfòse kapasite òganizasyon kominotè yo pou yo anseye youn lòt epi planifye nouvo lide ansanm? Se la RedColaborar vin antre nan jwèt la.
Pandan n ap pwofite pi bon konektivite nan Amerik Latin ak Karayib la epi poutèt majorite benefisyè nou yo kontinye amelyore konpetans dijital yo, nou envesti nan konstriksyon yon kominote sou entènèt atravè RedColaborar, sa ki pral rann li pi fasil pou benefisyè aktyèl ak ansyen benefisyè IAF yo aprann epi pataje bon pratik ak leson yo aprann yo. Epitou, RedColaborar pral sèvi kòm mwayen pou pèsonèl IAF la pi byen konprann defi benefisyè yo ap konfwonte nan realizasyon aktivite sibvansyon yo.
“Anpil òganizasyon ke IAF finanse ap devlope aktivite ki sanble, sou agrikilti dirab, devlopman jèn, zèv charitab kominotè ak lòt ankò,” se sa Reprezantan Fondasyon an, David Fleisher, ki se direktè pwojè IAF la, te di nan lansman RedColaborar la. “Platfòm sa a ede òganizasyon ki lwen youn lòt fizikman yo aprann konnen youn lòt pou kreye gwoup k ap sipòte aksyon ak inisyativ yo.”
Lè nou t ap konsevwa platfòm RedColaborar la, nou te eksite pou wè gwo nivo enplikasyon benefisyè nou yo nan konstwi sa a depi alabaz, pandan yo t ap konsidere yon fason kolektif ki eleman ki te enpòtan pou mete ladan l.
Pandan de lane devlopman RedColaborar la, benefisyè yo te reflechi sou divès fason pou maksimize eksperyans òganizasyon yo, ki gen ladan yo sa ki annapre yo:
- yon rejis òganizasyon patisipan yo
- yon bibliyotèk dijital materyèl ke òganizasyon kominotè ak òganizasyon sosyete sivil la pwodi
- yon fowòm kote itilizatè yo kapab pibliye epi reponn ak bezwen òganizasyonèl yo
- anbranchman tematik, oswa espas kote òganizasyon k ap trete sijè ki sanble kapab konekte epi aprann apati ekpseryans youn lòt.
- webinè pou aprann nouvo konpetans
- espas rankont vityèl kote benefisyè yo kapab pale yon fason enfòmèl pou kreye yon kominote
- fwa vityèl anyèl avèk panèl, gwoup diskisyon ak plis toujou
“Pwosesis repetitif senp, ki akse sou itilizatè yo garanti devlopman zouti ak kontni ki byen adapte avèk benefisyè nou yo,” se sa Direktè Adjwen Pwogram nan, Marko Dolan, te di nan aktivite lansman an. “Kounye a ke platfòm nan pare, benefisyè yo gen yon mwayen yo te kreye pou planifye aksyon pa yo epi ajoute valè pa yo.”
Nou rekonesan anpil tou pou MAKAIA, kooperatè ak patnè nou an, ki te ede nou kondi pwosesis sa a. MAKAIA, ki chita nan Medelin nan peyi Kolonbi, se yon ONG ki fonde pou ranfòse kapasite sosyete sivil la pou devlopman sosyal atravè teknoloji ak inovasyon. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis devlopman platfòm aprantisaj yo a sou blòg nou an “Kijan pou Ankouraje Kominote Pratik yo: RedColaborar”
Ou ta ka renmen li tou