Loading...
Divèsite, Ekite, Enklizyon, ak Aksesibilite2022-12-20T15:37:12-05:00

Pwomosyon divèsite, ekite, enklizyon, ak aksesibilite ansanm ak entegrasyon yo nan pratik nou an se eleman debaz nan valè Fondasyon Entè-Amerikèn (Inter-American Foundations, IAF) an epi se misyon nou pou n envesti nan popilasyon ki defavorize yo epi pou n kolabore ak yo, antrepriz yo, ansanm ak òganizasyon yo toupatou nan Amerik Latin nan ak nan Karayib la.

Pou nou, lè n anbrase divèsite ak akselere ekite sa gen yon wòl esansyèl nan manda nou konfye kongrè a pou “estimile ak ede patisipasyon efikas moun yo nan pwosesis devlopman an.”

Nou rete kwè ke divèsite pami anplwaye IAF yo ansanm ak enklizyon popilasyon ke yo jeneralman majinalize yo pami benefisyè IAF yo ranfòse enpak kolektif ak efikasite nan rezoud pwoblèm ak sezi opòtinite.

Nou pran angajman pou n redui defason pwo-aktif prejije ak pou n devlope yon kilti enklizyon ak ekite ki reflete nan anplwaye nou yo, kilti travay, fonksyònman biznis, sibvasnyon, patenarya, ansanm ak pwogram yo. Nou rekonèt ke travay sa pèmanan epi li dwe adapte ak kèk kontèks k ap chanje. Nou pran angajman pou n swiv valè nou yo avèk imilite, ouvèti ak gras.

Dènye Nouvèl ak Istwa