Nou envesti nan pwojè devlòpman kominote a mennen toupatou nan Amerik Latin ak Karayib la. Nou kolabore avèk òganizasyon lokal yo ki idantifye solisyon men ki fyab pou defi nan devlòpman lokal yo—patikilyèman nan kominote ki defavorize oswa ekskli yo.
Se pa nou menm ki pwopoze ki pwojè ou dwe fè oswa idantifye pwoblèm yo, se ou menm ki dwe fè sa. Okontrè nou reponn a pwopozisyon pwojè òganizasyon kominotè yo voye ba nou.
Nou deside ki pwojè pou nou finanse ki (chita) baze sou merit, men pa sou ki sektè. Patnè benefisyè nou yo, fè pwomosyon kominote ki pi demokratik, pasifik ak pwospè nan anpil sektè.
Nou envite òganizasyon w lan pou aplike pou yon sibvansyon nan men nou. Pou nou ka pran aplikasyon w lan an kousiderasyon, tanpri li etap ki annaprè yo avèk anpil atansyon.