Èske w ap finanse yon pwojè konstriksyon?
Etandone kritè nou yo egzije fòk inisyativ yo dirab, jeneralman nou pa finanse pwopozisyon kote majorite bidjè a konsantre sou konstriksyon.
By Inter-American Foundation|2020-12-14T14:47:40-05:0022 June 2020|Elijibilite|
Etandone kritè nou yo egzije fòk inisyativ yo dirab, jeneralman nou pa finanse pwopozisyon kote majorite bidjè a konsantre sou konstriksyon.
By Inter-American Foundation|2020-12-14T14:44:48-05:0022 June 2020|Elijibilite|
Pandan ke nou ankouraje benefisyè nou yo pou kolabore avèk antite gouvènman lokal ak minisipal yo, nou pa finanse dirèkteman pwojè gouvènman an.
By Inter-American Foundation|2020-12-14T14:42:10-05:0022 June 2020|Apply eligibility, Elijibilite|
Yon inivèsite prive lokal ka teknikman aplike pou finansman, si pwojè li yo ranpli tout kritè kalifikasyon nou pibliye, ki gen ladan lidèchip nan kominote a ak enpak sosyal. Yon inivèsite piblik pa ka aplike pou finansman nan men nou dirèkteman, men li ka patnè avèk yon òganizasyon ki kalifye. Sepandan, anvan inivèsite ou a, aplike, mete nan tèt ou, se fasil nou finanse pwojè ki soumèt pa inivèsite yo, paske li pran nou plis tan pou revize pwopozisyon yo ak dekese lajan yo, sa konn depase yon lane eskole. Sa kifè gwoup elèv k ap chèche lajan pou pwojè Read more ›
By Inter-American Foundation|2020-12-14T14:35:38-05:0022 June 2020|Elijibilite|
Kounye a, nou pa kapab finanse òganizasyon ki nan peyi Venezyela ak Kiba. Nou paka finansye pwojè tou nan peyi Puerto Rico paske se yon pati nan Etazini.
By Inter-American Foundation|2020-12-14T13:34:56-05:0022 June 2020|Don|
Nou sèlman konsidere pwopozisyon ke yo soumèt nan fòma ki apwopriye a, epi yo voye nan imèl sa proposals@iaf.gov ak non peyi a nan sijè imèl la.
By Jacquelyn Dolezal Morales|2020-12-14T13:20:05-05:0022 June 2020|Don|
Nou aksepte aplikasyon sou yon baz woulman. Pa gen okenn delè pou voye pwopozisyon an. Sa vle di ou ka voye li, nenpot kilè nan ane a.
By Inter-American Foundation|2022-07-06T08:25:20-04:0016 July 2018|Apply eligibility, Elijibilite|
Sa depann. Si òganizasyon w lan gen yon biwo nan peyi kote pwojè a pral reyalize a, epi fòk biwo sa a, ka pwouve li gen lidèship ak eksperyans lokal. Nan ka sa, biwo lokal la ka prezante yon pwopozisyon. Si biwo prensipal la (sa vle di biwo ki chita nan peyi etranje a), konn bay lajan ak biwo lokal, lajan sa ka konsidere kòm kontrepati nan sibvansyon an. Si òganizasyon w lan pa gen yon biwo sou tèritwa nan peyi kote pwojè a pral reyalize a yo pwopoze a, anjeneral nou p ap finanse inisyativ ou a. Sepandan, nou Read more ›
By Inter-American Foundation|2020-12-14T13:48:38-05:0016 July 2018|Apply page, Don|
Lè nou mande “Konpozisyon” Oganizasyon an, nou vle di ki moun ki fome oganizasyon an. Yon asosyasyon fèt ak manm li yo pa egzanp, epi yo ka gen ladan tou volontè ak lòt moun ki enterese.
By Inter-American Foundation|2020-12-14T13:41:58-05:0016 July 2018|Apply page, Don|
Estrikti k’ap gouvène, nou vle di fòm lidèchip òganizasyon ou an. Ou ta ka gen, kom egzanp, yon konsèy direktè, asanble jeneral, konsèy fiskal, ak/oswa chèf egzekitif ofisye elatriye. Estrikti operasyonèl, nou vle di ki jan òganizasyon ou divize travay li. Pa egzanp, estrikti operasyonèl ou ta ka gen ladan yon ekip edikasyon, yon ekip kominikasyon, ak yon depatman administratif.
By Inter-American Foundation|2020-12-14T13:25:28-05:0016 July 2018|Don|
Lè nou resevwa pwopozisyon an, nou pral voye yon mesaj pou konfime nou resevwa li. Nan espas sis (6) ak nèf (9) mwa, n ap fè ou konnen sitiyasyon pwopozisyon an. Si w pa tande nou, sa vle di nou poko deside sou pwochen etap la. Anvan yo deside sou finansman an, reprezantan nou yo pral vizite òganizasyon ki soumèt li a ak kominote a(yo), rankontre moun k’ap viv nan kominote a, epi kòmanse yon dyalòg sou aktivite, yo pwopoze a. Trè souvan, òganizasyon yo konn ajiste pwopozisyon orijinal yo pandan pwosesis diskisyon sa a. Si ou ta renmen tcheke Read more ›