Eksplikasyon kontrepati a
Don IAF la bay yo vin tounen sipò sa a ki la pou bay jarèt, pou mobilize oswa pou motive moun ki vle fè bagay yo chanje e ki travay nan tèt ansanm pou mete sou pye yon inisyativ devlòpman, menm nan sitiyasyon difisil. Kontrepati se mo sa a nou itilize pou n pale de resous òganizasyon ki resevwa don nou yo pote pou dirije pwòp inisyativ yo. Gid sa a dekri diferan kalite kontrepati ki egziste ak kote yo ka soti. Mete sou sa, li bay kèk rekòmandasyon pou idantifye yo, pou kalkile yo e pou dekri yo aklè an rapò ak bidjè a.