Deskripsyon Pwojè
Fanmi yo k ap viv nan Gwo-Wòch, depatman Nòdès peyi d’Ayiti ap fè fas ak diminisyon kouvèti forè a, move kalite tè, epi yon mank nan pwovizyon agrikòl, sa ki anpeche kapasite yo nan pwodwi manje epi ki ogmante risk pou malnitrisyon ak grangou. IAF sipòte solisyon kominotè yo pou ogmante opòtinite ekonomik yo atravè agrikilti dirab ak mikwo antrepriz yo. Patnè sibvansyon nou an, “Groupe d’Appui au Développement Rural” (GADRU), bay fòmasyon nan agrikilti dirab, elevaj zannimo ak devlòpman biznis pou 500 fanmi ki soti nan òganizasyon kominotè ki chita sou Asosyasyon Fanmi Agwo-ekolojik nan Gwo-Wòch. L’ap jere tou, yon bank semans (grenn) ak distribye plant, epi patisipan li yo ap distribye pitit zannimo yo bay lòt fanmi amezi zannimo yo ap grandi. Envestisman estratejik sa yo ogmante sekirite manje ak revni kiltivatè yo.
Deskripsyon Pwojè
Plis enfòmasyon ap vini apre
Pwojè: | Peyi: | Ane aktif: | Resous promèt pa IAF: | Montante dos recursos de contrapartida: | Bennefisyè dirèk: | Bennefisyè endirèk : | Domèn ki gen priyorite: |
---|---|---|---|---|---|---|---|
Renforcement des capacités de 500 familles de Grosse Roche par des interventions agroécologiques | Ayiti | 2020 – 2023 | $381,580 | $315,116 | 500 moun | 7,500 moun | agrikilti dirab ak sekirite |
Pataje enfòmasyon sou devlopman kominote a!
Dènye Nouvèl ak Istwa
Ki bon bagay detwa kabrit ka fè?
Swasant-onz pousan (71%) pwojè IAF sipòte an Ayiti yo itilize sistèm sa yo pou ogmante opòtinite ekonomik pou fanm yo. Aprann kijan ti kantite sipò sa yo te chanje lavi fanm yo.
Envesti Nan Fanm Pou Bati Pi Bon vi
Fanm ki Envesti nan Kwasans & Sekirite (WINGS), yon inisyativ IAF de $ 7,5 milyon.
Ajan Veterinè ap Asire Sante Bèt ak Mwayen pou Viv
Nan andeyò peyi Dayiti, yo mezire sante yon moun ak konbyen bèt li genyen, sitou kantite kochon ak kabrit l ap jere nan patiraj li. Fanmi kap goumen fè kòb yo nan elvaj kabrit, e founi yon gwo sous pwoteyin.