Deskripsyon Pwojè
Fanm Ayisyen ki nan zòn riral yo, souvan nivo edikasyon fòmèl fèb epi yo manke enfòmasyon sou dwa yo, sa ki vin rann yo patikilyèman vilnerab pou sibi vyolans ki baze sou sèks. IAF sipòte solisyon ki fonde sou kominote a pou amelyore lapè ak sekirite. Rezo Fanm Radyo Kominote Ayisyen (REFRAKA) se yon patnè benefisyè IAF kap sipòte yon rezo 30 estasyon radyo kominotè nan nèf sou dis depatman Ayiti pou sansibilize sou vyolans ki baze sou sèks ak ogmante kapasite animatris ak teknisyen radyo yo ki se majorite fanm pou mete kanpe pwogramasyon sou fanm ak redwi vyolans. Envestisman estratejik sa yo ranfòse lidèchip ak devlope rezo yo. Sibvansyon sa a fè pati nan inisyativ WINGS Sekirite ak Kwasans Envestisman nan Fanm IAF yo [Women Investing in Growth and Security] ki vize pou abilite fanm yo antanke chef konpayi ak lidè kominotè.
Pwojè: | Peyi: | Ane aktif: | Resous promèt pa IAF: | Montante dos recursos de contrapartida: | Bennefisyè dirèk: | Bennefisyè endirèk : | Domèn ki gen priyorite: |
---|---|---|---|---|---|---|---|
Communication & mobilisation pour le respect des droits des femmes et des filles rurales en Haïti | Ayiti | 2020- 2023 | $362.146 | $351.950 | 655 moun | 750.000 moun | lidèchip |
Pataje enfòmasyon sou devlopman kominote a!
Dènye Nouvèl ak Istwa
Fondasyon Entèameriken Ap Anonse Yon Nouvo Prezidan ak Direktè Jeneral
Inter-American Foundation2022-05-20T11:10:47-04:00Aviel pote nan IAF plis pase de deseni eksperyans nan devlòpman entènasyonal ak gouvènman ameriken an, òganizasyon non-gouvènmantal, enstitisyon akademik, ak sektè prive a.
Ekonomize pou yon pi Bèl Avni: Istwa Fasemie
Sybelle Etienne with Carolina Cardona2021-11-22T08:47:17-05:00Fasemie Geffrard, yon manman ki gen senk moun nan zòn riral Ayiti, te anvi bay pitit li yo yon lavi miyò. Li te grandi ti biznis li vann legim pa rantre nan yon gwoup ekonomi ak prè ki te sipòte pa PLAIOD sibvansyon nou an.
Ki bon bagay detwa kabrit ka fè?
Pascale Toyo2020-05-01T09:54:18-04:00Swasant-onz pousan (71%) pwojè IAF sipòte an Ayiti yo itilize sistèm sa yo pou ogmante opòtinite ekonomik pou fanm yo. Aprann kijan ti kantite sipò sa yo te chanje lavi fanm yo.