Deskripsyon Pwojè
Plizyè fanm nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, kap travay pou kiltive tè yo, sou ti pasèl tè toupiti, ki lepli souvan pa nan menm anplasman jewografik, pa gen resous pou yo pwodui ase manje oswa pou yo touche yon revni ki pou pèmèt yo okipe fanmi yo kòmsadwa. IAF sipòte solisyon kominote yo pote yo pou elaji opòtinite ekonomik pou fanm gras ak agrikilti dirab e ak ti biznis. Asosyasyon Fanm nan Denis (Association des Femmes de Denis, AFD) ki se patnè benefisyè nou, se yon òganizasyon ke fanm dirije, nan yon anviwònman kote se gason ki dirije majorite òganizasyon yo. AFD ap ranfòse lidèchip fanm yo, amelyore aksè pou yo jwenn kredi epi ranfòse sekirite alimantè yo nan ba yo fòmasyon pou amelyore pwodiksyon lam veritab ak elvaj yo a. Envestisman estratejik sa yo ogmante sekirite alimantè ak revni fanm yo.
Pwojè: | Peyi: | Ane aktif: | Resous promèt pa IAF: | Montante dos recursos de contrapartida: | Bennefisyè dirèk: | Bennefisyè endirèk : | Domèn ki gen priyorite: |
---|---|---|---|---|---|---|---|
Renforcement des moyens d’existence dans la 2ème section communale de Méance, commune Anse-à-Foleur | Ayiti | 2021 – 2024 | $125.000 | $147.464 | 240 moun | 1.200 moun | agrikilti dirab ak sekirite manje lidèchip |
Pataje enfòmasyon sou devlopman kominote a!
Dènye Nouvèl ak Istwa
Yon Jou nan Lavi: Sara Aviel
Inter-American Foundation2023-03-09T18:50:09-05:00Nou fè entèvyou ak Sara Aviel, ki se Prezidan ak Direktè Jeneral IAF depi avril 2022.