Deskripsyon Pwojè
Sosyete ayisyèn nan fè gwo pwogrè nan kraze estigma kont moun ki andikape, epitou nan elimine anpil obstak ki jennen lavi yo chak jou. Anpil òganizasyon ayisyen k ap travay ak moun ki andikape konsantre prensipalman pou satisfè bezwen debaz yo, men gen yon mank sipò ki disponib pou ede yo entegre konplètman nan sosyete a ak nan ekonomi lokal la. IAF la sipòte solisyon kominote yo pote pou ede moun ki andikape yo elaji opòtinite ekonomik ak enklizyon sosyal yo atravè mikwo-antrepriz dirab. Benefisyè nou an, Association d’Aide des Techniciens pour les Personnes Handicapées (AATPH) ap amelyore kalite lavi ak entegrasyon moun ki andikape yo nan sosyete a gras ak terapi fizik li bay, kanpay sansibilizasyon kominotè ke li mennen, fòmasyon pou konpetans travay ke li founi, epi gras ak ogmantasyon aksè a kredi pou moun ki andikape yo. Envestisman estratejik sa yo nesesè pou ogmante revni, vizibilite ak otonomi moun ki andikape yo nan sosyete Ayisyèn nan.
Pwojè: | Peyi: | Ane aktif: | Resous promèt pa IAF: | Montante dos recursos de contrapartida: | Bennefisyè dirèk: | Bennefisyè endirèk : | Domèn ki gen priyorite: |
---|---|---|---|---|---|---|---|
En faveur des personnes handicapés dans la région Nord | Ayiti | 2022 – 2024 | $125.000 | $92.730 | 375 moun | 1.775 moun | devlopman biznis ak travay ladrès angajman sivic ak dwa moun |
Pataje enfòmasyon sou devlopman kominote a!
Dènye Nouvèl ak Istwa
Fondasyon Entèameriken Ap Anonse Yon Nouvo Prezidan ak Direktè Jeneral
Inter-American Foundation2022-05-20T11:10:47-04:00Aviel pote nan IAF plis pase de deseni eksperyans nan devlòpman entènasyonal ak gouvènman ameriken an, òganizasyon non-gouvènmantal, enstitisyon akademik, ak sektè prive a.
Ekonomize pou yon pi Bèl Avni: Istwa Fasemie
Sybelle Etienne with Carolina Cardona2021-11-22T08:47:17-05:00Fasemie Geffrard, yon manman ki gen senk moun nan zòn riral Ayiti, te anvi bay pitit li yo yon lavi miyò. Li te grandi ti biznis li vann legim pa rantre nan yon gwoup ekonomi ak prè ki te sipòte pa PLAIOD sibvansyon nou an.
Ki bon bagay detwa kabrit ka fè?
Pascale Toyo2020-05-01T09:54:18-04:00Swasant-onz pousan (71%) pwojè IAF sipòte an Ayiti yo itilize sistèm sa yo pou ogmante opòtinite ekonomik pou fanm yo. Aprann kijan ti kantite sipò sa yo te chanje lavi fanm yo.