Deskripsyon Pwojè
Anpil kiltivatè nan Latibonit, Ayiti, pa gen resous pou pwodwi ase manje oswa pou touche ase revni pou sipòte fanmi yo. IAF sipòte solisyon kominote yo pote yo pou elaji opòtinite ekonomik yo gras ak agrikilti dirab e ak devlopman ti biznis. Patnè benefisyè nou an Oganizasyon pou Devlopman Ti Plantè Kawo (ODTPKA) ap amelyore sekirite alimantè a lè li bay kiltivatè yo fòmasyon nan agrikilti dirab ak pwodiksyon betay epi lè li ba yo founiti ak materyèl nesesè yo. Pou favorize rezistans fas ak katastwòf natirèl yo, benefisyè a pral ankouraje konsèvasyon sòl yo ak plantasyon pyebwa, atravè distribisyon semans bay manm yo epi atravè sipò bay manm yo nan devlopman jaden familyal yo. Epitou, ODTPKA ap ranfòse ti antrepriz yo gras ak ogmantasyon aksè yo ak kredi. Envestisman estratejik sa yo ogmante sekirite alimantè ak revni kiltivatè yo.
Pwojè: | Peyi: | Ane aktif: | Resous promèt pa IAF: | Montante dos recursos de contrapartida: | Bennefisyè dirèk: | Bennefisyè endirèk : | Domèn ki gen priyorite: |
---|---|---|---|---|---|---|---|
Projet d’appui agro écologique et socio-économique aux agriculteurs et agricultrices de la Chaine des Cahos | Ayiti | 2022 – 2024 | $125.000 | $108.909 | 595 moun | 2.975 moun | agrikilti dirab ak sekirite manje |
Pataje enfòmasyon sou devlopman kominote a!
Dènye Nouvèl ak Istwa
Fondasyon Entèameriken Ap Anonse Yon Nouvo Prezidan ak Direktè Jeneral
Inter-American Foundation2022-05-20T11:10:47-04:00Aviel pote nan IAF plis pase de deseni eksperyans nan devlòpman entènasyonal ak gouvènman ameriken an, òganizasyon non-gouvènmantal, enstitisyon akademik, ak sektè prive a.
Ekonomize pou yon pi Bèl Avni: Istwa Fasemie
Sybelle Etienne with Carolina Cardona2021-11-22T08:47:17-05:00Fasemie Geffrard, yon manman ki gen senk moun nan zòn riral Ayiti, te anvi bay pitit li yo yon lavi miyò. Li te grandi ti biznis li vann legim pa rantre nan yon gwoup ekonomi ak prè ki te sipòte pa PLAIOD sibvansyon nou an.
Ki bon bagay detwa kabrit ka fè?
Pascale Toyo2020-05-01T09:54:18-04:00Swasant-onz pousan (71%) pwojè IAF sipòte an Ayiti yo itilize sistèm sa yo pou ogmante opòtinite ekonomik pou fanm yo. Aprann kijan ti kantite sipò sa yo te chanje lavi fanm yo.