Deskripsyon Pwojè
Anpil kiltivatè nan depatman Nòdwès, zòn arid peyi Dayiti a manke resous pou yo pwodui ase manje oswa pou yo touche ase revni pou sipòte fanmi yo. IAF sipòte solisyon kominote yo ap dirije yo pou l ogmante opòtinite ekonomik yo atravè yon agrikilti dirab ak devlopman mikwo-antrepriz. Benefisyè nou an, Union des Groupement Tèt Kole 3yèm Seksyon Vieille-Hatte (UP3SV), ap amelyore rezilyans ekonomik ak sekirite alimantè nan bay kiltivatè yo plis aksè ak semans, betay ak dlo; epi nan ranfòse ti biznis yo gras ak aksè ak ak kredi. Atravè sibvansyon an, UP3SV pral ranfòse kapasite teknik ak administratif li tou. Sibvansyon sa a fè avanse inisyativ estratejik IAF la ki vize ranfòse sekirite alimantè ak mwayen pou viv ki estab gras ak agrikilti dirab.