Kesyon yo poze souvan2020-12-14T14:59:43-05:00

Kesyon yo poze souvan

Kesyon jeneral

Ki moun ki ap dirije IAF la?2020-11-12T14:38:53-05:00

Se yon konsèy direktè bi-patizan, ki ap gouvène IAF, se prezidan Etazini ki nonmen konsèy la, epi Sena repiblik la konfime’l.  Manm konsèy yo, soti nan tou de sektè yo, prive ak gouvènman federal la. Komisyon an chwazi yon prezidan ki sèvi kòm ofisye egzekitif kise chèf nou nan IAF.

Kijan ou finanse?2020-11-12T14:44:49-05:00
  • Kongrè ameriken an afekte fon IAF dirèkteman chak ane nan bidjè repiblik la. Fon sa a, reprezante pi gwo sous finansman nou an.
  • Nou resevwa tou, transfè entè-ajans pou adrese priyorite estratejik ameriken yo lè nou itilize modèl devlòpman inik, anba-up. (an sipò)
  • Nou divèsifye sous finansman nou yo atravè afilyasyon estratejik ak lòt sektè, antrepriz prive ak filantropik.
  • Patnè benefisyè nou yo, mobilize resous lokal yo pou chak sibvansyon nou finanse. En règ jeneral, kantite lajan benefisyè yo mobilize depase montan lajan kontribyab Ameriken yo envesti nan pwojè a. Lè nou egzije yon kontribisyon kontrepati nan donasyon yo, li pèmèt ogmante dirabilite epi tou asire kominote yo angaje pou rezoud defi devlòpman lokal la.
  • Nou aksepte donasyon ki soti nan sektè prive dediktib enpo, pou fè avance koze devlòpman kominotè nan Amerik Latin ak Karayib la. Ou ka ban nou lajan dirèkteman.
Ki sa ki fè ou diferan de lòt ajans yo oswa donatè?2020-11-12T14:56:38-05:00

Yon gwoup bi-pati vizyonè nan Sena Ameriken an te fonde IAF depi 50 lane pou adrese yon gwo enkyetid yo te genyen. Pou gwoup bi-pati sa a: Gouvènman Ameriken an dwe oryente pi byen èd devlòpman etranje yo al jwenn moun ki pi pòv yo e ki pi frajil/vilnerab nan amerik Latin lan. Poutèt sa, yo te vle yon ajans ki makònen ak priyorite politik etranje peyi Etazini epi konplete lot kanal kite déjà egziste nan peyi Etazini sous asistans etranje.

Nou te fabrike/konstwui yon modèl devlòpman ki diferansye nou, nan fason sa yo:

  • Akiyès nou travay. Nou rive nan baz ak òganizasyon nan sosyete sivil yo ki travay nan nivo kominote yo. Anpil fwa òganizasyon sa yo fèk kòmanse nan devlòpman. Nou sible finansman nan zòn ki pi vilnerab yo e ki gen moun k’ap viv ladann.
  • Kiyès ki dirije pwosesis la. Nou konsidere moun yo kòm poto mitan nan apwòch sa a, se moun yo ki katalize/dirije pwòp solisyon yo. Nou kwè pwogrè devlòpman yo pral pi djanm epi dirab lè se òganizasyon lokal yo ki pote lide pa yo, epi mete yo an aplikasyon.
  • Kòman nou finanse. Nou bay finansman dirèkteman ak òganizasyon lokal yo, olye gwo oganizasyon entènasyonal yo oswa gouvènman etranje yo.
  • Kòman nou adapte. Nou fleksib, sa vle di; nou ka rapidman ouvè oswa fèmen, chanje oswa akselere koulè sibvansyon yo. Chak fwa kondisyon yo ap chanje sou latè nou kapab adapte nou rapidman nan nouvel anvironman. Se ra modèl asistans etranje tradisyonel ki ka fè chanjman rapid nan pratik finansman l.
  • Ki jan nou ekonomize lajan, maksimize lajan ki disponib pou sibvansyon. Nou redwi depans yo nan fonksyone ak yon biwo operasyonèl ki pa depase 50 moun, epi nou pa gen biwo nan okenn peyi etranje. Nou pataje tout sèvis administrativ debaz yo ak lòt ajans. Sa lakòz fondasyon an gen yon pousantaj trè ba pou operasyon ki sèlman 8%.
  • Ki jan nou gade patnè benefisyè nou yo, responsab pou rezilta dirab. Nou angaje yon kontak regilye ak patnè benefisyè nou yo, nou konstwi yon relasyon ki chita sou konfyans, epi nou konekte youn ak lòt nan bouske opòtinite aprantisaj epi devlope patenarya ant divès sektè yo. Chak sis (6) mwa, nou mande pou yo pataje pwogrè ak defi yo sou objektif pwojè a, epi chak ane nou fè odit finansye sou kijan depanse yo ap reyalize. Nou kontinyèlman akonpanye benefisye nou sou chimen dirabilite ak otonomi nan aksyon yo.

Estrikti gouvènans piblik ak prive bi-patizán nou asire ke nou benefisye de eksperyans sektè prive a, epi travay pou enterè nasyonal Ameriken alontèm. Travay nou yo ak benefisyè yo ankouraje:

  • ranfòsman ekonomik
  • lapè ak sekirite
  • enklizyon nan gouvènans demokratik lokal
  • rezilyans kominote yo pou fè fas ak chòk nan anviwònman an, ekonomik, sosyal, ak politik.
Èske yon sibvansyon ki piti tankou $50,000 aktyèlman fè yon diferans?2020-11-12T16:28:37-05:00<