Apèsi rapid
Fondasyon Entèameriken an (IAF), ki se yon ajans endepandan gouvènman Etazini, te fonde dapre yon desizyon Kongrè a an 1969, pou voye asistans pou devlopman toudwat bay òganizasyon moun pòv nan Amerik Latin ak nan Karayib. Pou satisfè manda li, IAF reponn avèk sibansyon asistans pou pifò lide kreyatif li resevwa nan men òganizasyon popilè ak òganizasyon ki pa nan gouvènman yo. Epitou, IAF ankouraje òganizasyon kominotè yo, biznis yo, ak gouvènman lokal yo travay ansanm kòm patnè pou amelyore kalite lavi moun ki pòv, ak pou ranfòse aksyon demokratik.
Sa ki gouvènen IAF, se yon konsèy direksyon prezidan Etazini an nonmen, epi ki resevwa konfimasyon Sena Etazini. Gen yon prezidan, konsèy administrasyon an nonmen, ki sèvi kòm direktè egzekitif an chèf Fondasyon Entèameriken an, nan tèt yon pèsonnèl ki gen 47 anplwaye k ap travay nan Washington D.C.
Kongrè a manda
Dapre Pati IV nan Seksyon 401(b) nan Lwa 1969 sou Asistans nan Peyi Etranje a, ki se règleman ki sèvi baz pou Fondasyon an, objektif Fondasyon an, prensipalman an kolaborasyon avèk Oganizasyon rejyonal ak entènasyonal yo, se pou:
- ranfòse relasyon solidarite ak konpreyansyon ant pèp ki nan emisfè a;
- sipòte efò pou moun ki vle ede tèt yo, nan mete plis opòtinite pou devlopman pèsonèl;
- ankouraje ak ede plis patisipasyon efektif popilasyon yo nan pwosesis devlopman an;
- ankouraje fondasyon ak kwasans enstitisyon demokratik nan sektè prive ak nangouvènman, dapre prensip ki aplikab nan peyi ki granmoun tèt yo nan emisfè a.
Entelijan, pri-la efikas devlopman
Menmsi yo te konn gade l tankou yon eksperyans, travay IAF la ap konsidere pi plis, an mezi tan ap pase, tankou yon mwayen efikas pou amelyore kalite lavi moun nan kominote ki pi bezwen yo.
Depi 1972, IAF bay plis pase 5.100 sibvansyon, ki reprezante yon valè ki depase 720 milyon dola. Yon bagay ki klè, sibvansyon IAF yo ede moun touche pi byen ak viv pi byen. Benefisyè sibvansyon yo ankouraje agrikilti ki bay plis rannman, ansanm ak ti komès ak biznis kominotè; yo bay moun fòmasyon ki vital pou yo nan jwenn travay ki peye byen; yo pèmèt moun jwenn dlo, ansanm ak kouran ak lòt bagay yo bezwen lakay yo, ak bon kote pou yo rete, sa ki pèmèt moun konsantre sou fè bon jan travay.
Lè l ap bay sibvansyon pou devlopman yo, IAF veye pou gen patisipasyon popilasyon otoktòn, ak moun ki te gen zansèt Afriken, ak moun ki andikape, epi IAF ankouraje pou yo mete moun sa yo nan aktivite politik ak sosyal yo. Kòm li sipòte pi bon lide ki soti nan rejyon an, pwogram li yo ranfòse yon gwo rezo ki gen gwoup kominotè ak òganizasyon ki pa nan gouvènman, ki vin tounen yon mwayen efikas ak transparan anpil pou transmèt asistans etranje. Nan travay yo fè ansanm, IAF ak benefisyè li yo sèvi plizyè santèn milye fanmi pòv nan kominote ki toupatou nan emisfè a.
Modèl efikas nou
IAF pran yon apwòch ki entelijan epi ki koute mwens anpil, pou bay asistans nan devlopman. Modèl IAF la maksimize valè lajan li bay yo, li sèvi avèk resous yo kòm levye, li fè sektè prive yo travay kòm patnè, epi li bay kòm rezilta solisyon ki dirab.
Valè
IAF chwazi anviwon 15 pousan nan pwopozisyon li resevwa yo, epi 100 pousan nan bidjè pou sipòte devlopman an ale dirèk nan men òganizasyon ki nan sosyete sivil la.
Levye
IAF mande pou tout benefisyè li yo patisipe nan bay resous. Sa miltipliye rannman ki soti nan finansman IAF yo, epi sa maksimize rannman pwogram yo. An 2011, kontribisyon benefisyè yo, ki te rive $19.5 milyon an kach oswa an nati, te depase envestisman $14.9 milyon IAF la. Lè benefisyè yo envesti pwòp resous yo, sa fè yo pi enterese nan rezilta pwojè yo, sa ki fè gen plis chans pou yo travay byen epi pou yo kontinye travay apre finansman IAF la fini.
Patisipasyon sektè prive kòm patnè
IAF kolabore aktivman avèk sektè prive a nan inisyativ finansman tèt ansanm, ki fèt souvan avèk kolaborasyon RedEAmérica, ki se yon inisyativ kote IAF fè alyans avèk sektè biznis la, pou sipòte efò kominote yo ap fè pou tèt yo nan emisfè a.
Responsabilite ak Rezilta
IAF rann tout benefisyè yo responsab pou yo sèvi byen avèk fon piblik Etazini yo, ak pou yo rive nan bon rezilta avèk pwojè yo. IAF fè kontwòl sou responsabilite sa yo avèk yon odit finans chank ane, epi avèk rapo sou pwogrè benefisyè yo fè pou rive nan rezilta yo bezwen yo.
Pataje enfòmasyon sou devlopman kominote a!