Carolina Cardona

Reprezantan pou Ayiti

Carolina Cardona antre nan IAF an 2014. Se reprezantan IAF pou Ayiti. Anvan li te rantre nan IAF, Carolina te travay kòm direktè Peace Corps nan peyi Togo. Devlopman karyè l te kòmanse nan Ondiras kote li te travay kòm yon volontè Peace Corps. Apa de gouvènman Ameriken an, Carolina te anseye klas senkyèm ane nan San Salvador e li te jere yon pwojè sou sante repwodiktif pou Komite Sekou Entènasyonal [International Rescue Committee] nan Azerbaijan. Li te devlope dwa travayè yo lè li tap sipèvize yon pwojè sou sekirite ak sante nan travay nan Sèvis Legal Travay agrikòl [Farmworkers’ Legal Services] nan North Carolina. Carolina gen yon bakaloreya nan Angle nan Inivèsite Michigan ak yon metriz nan sante piblik nan Inivèsite North Carolina. Nan tan lib li, li renmen etidye lang, jaden, ak ekri istwa kout.