Shervin Chambers
Asistan Donasyon
Shervin Chambers te rantre nan IAF nan fen ane 2019 la. Anvan li te rive nan IAF la, Shervin te travay kòm yon Pwogram Analis sipò pou Depatman Edikasyon nan Vil New York nan Biwo Rechèch Talan ak Done. Anvansa, li te travay kòm yon volontè nan Kò pou Lapè/ Peace Corps nan Sistèm Agrikòl Dirab nan Panama. Pandan 2 premye ane sèvis li, Shervin te travay avèk ti kiltivatè pou amelyore pwodiksyon rekòl yo ak pratike agrikilti dirab. Nan dènye ane l avèk Peace Corps, Shervin te travay kòm yon Kowòdonatè Volontè pou ede pèsonèl Peace Corps avèk idantifikasyon teren, jere patenarya lokal yo, ak sipò volontè. Shervin te fèt nan St. Lucia; lè li te adolesan li te kite peyi’l pou vini abite nan vil New York. Shervin gen yon diplòm bakaloreya nan syans ekonomik nan Bates College nan Maine, kote li te etidye panyòl tou. Li pale angle, panyòl ak kreyòl fransè.